Swen Plis
Yon pwogram fidelizasyon ki rekonpanse pasyan yo ak pwen chak fwa yo itilize sèvis CAMEDYC yo.
Chak fwa ou pran swen tèt ou, ou jwenn rekonpans.
Swen Plus se yon sistèm pwen ki remèsye pasyan CAMEDYC yo. Chak sèvis ou pran nan lopital la ba ou yon kantite pwen ki baze sou yon pousantaj montan sèvis la. Pwen sa yo ka sèvi pita pou diminye pri yon lòt sèvis.
Yon sistèm senp an 4 etap
Ou itilize yon sèvis
Ou vini CAMEDYC pou konsiltasyon, laboratwa, imajri oswa nenpòt lòt sèvis disponib.
Ou resevwa pwen
Pwen yo kalkile selon yon pousantaj sou montan sèvis ou peye a.
Pwen yo akimile
Chak pwen ale sou kont pasyan ou, pou w ka itilize yo pi devan.
Ou peye mwens
Lè ou retounen, ou ka itilize pwen ou yo pou diminye pri yon lòt sèvis.
Kijan pwen yo ka ede w peye mwens?
Ann pran yon egzanp fasil: si yon sèvis koute 10,000 HTG epi pousantaj pwen an se 10%, ou resevwa 1,000 pwen. Pwen sa yo ka sèvi pou peye yon pati nan yon lòt sèvis pita.
Ou ka itilize pwen sa yo pou diminye pri yon lòt sèvis CAMEDYC.
Gade kantite pwen ou genyen
Antre ID pasyan ou, non ou oswa nimewo telefòn ou pou verifye pwen ki asosye ak kont Swen Plus ou.
Kesyon pasyan yo poze souvan
“Eske pwen yo se lajan?”
Yo pa lajan kach, men yo gen valè nan CAMEDYC paske yo ka ede w peye mwens sou lòt sèvis.
“Kijan mwen fè jwenn pwen?”
Chak fwa ou itilize yon sèvis ki antre nan pwogram nan, pwen yo ajoute sou kont pasyan ou.
“Ki lè mwen ka itilize pwen mwen?”
Ou ka itilize yo nan yon lòt sèvis pi devan, selon règ itilizasyon pwogram nan.
Plis ou itilize sèvis yo, plis ou genyen avantaj.
Swenplis ede pasyan yo ekonomize, santi yo valorize, epi kontinye suiv sante yo pi fasil.
Sa pasyan an dwe konnen
Pwen yo asosye ak kont pasyan an. Yo pa transfere bay lòt moun, yo itilize sèlman nan CAMEDYC, epi yo ka gen yon limit tan selon règ pwogram nan.
Swen Plis se fason CAMEDYC remèsye pasyan li yo.
Chak sèvis ou itilize ka tounen yon avantaj pou pwochen sèvis ou.
Dekouvri kijan li mache