Jounen mondyal sante mantal : Lopital CAMEDYC renouvle angajman li

Chak ane, 10 oktòb, lemonnantye selebre Jounen mondyal sante mantal. Jounen sa a se yon okazyon pou sansibilize popilasyon ayisyèn nan sou pwoblèm sante mantal.
Selon done Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), moun ki soufri ak pwoblèm sante mantal, sitou sila yo ki plase nan enstitisyon espesyalize, gen plis risk pou yo mouri akoz kansè ak maladi kè pase rès popilasyon an.
Nan okazyon jounen mobilizasyon entènasyonal sa a, Lopital CAMEDYC raple popilasyon ayisyèn nan li genyen yon sèvis akonpayman pou moun k ap travèse moman detrès oswa ki nan sitiyasyon vilnerabilite.
Anplis fòmasyon enstitisyon an te deja òganize nan tan pase yo, Lopital CAMEDYC pwofite enfòme piblik la li prevwa òganize lòt sesyon fòmasyon sou premye swen sikolojik nan jou k ap vini yo.
Atravè inisyativ sa yo, Lopital CAMEDYC reyafime angajman li pou sansibilize popilasyon an sou kesyon sante mantal, konbat prejije ak diskriminasyon kont moun ki gen pwoblèm sante mantal, epi fòme plis pwofesyonèl nan domèn sa a pou amelyore aksè ak swen ansanm ak sèvis sipò.
Elien Pierre