Bilan twa premye mwa yo nan nouvo lokal li yo

Twa mwa apre enstalasyon li nan Delmas 60, lopital CAMEDYC prezante yon bilan ankourajan : prèske 15 000 sèvis swen bay ak 1 000 pasyan ki resevwa konsiltasyon gratis.
Pandan peryòd sa a, lopital la te òganize konsiltasyon gratis, aktivite prevansyon ak depistaj, yon fòmasyon nan premye sekou sikolojik, epi li te patisipe nan plizyè evènman kominotè.
Gras ak angajman ekip li a, CAMEDYC kontinye misyon li : ofri swen ki aksesib e ki gen bon kalite, pandan li mete pasyan an nan sant tout entèvansyon li yo. Lopital la vle kounye a konsolide rezilta sa yo, amelyore akèy la epi ranfòse sèvis li yo pou pi byen reponn ak bezwen kominote a.
Elien Pierre