Kiyes nou ye?

CAMEDYC se yon sant  ospitalye  konplè kote ou ap jwenn 

  • Plis pase 15 espesyalis nan tout kalte  domèn nan la medsin 
  • Sèvis laboratwa ki bay rezilta nan yon tan tou kout 
  • ⁠Jwenn sèvis ijans 24/7 ak ijantis sou plas epi sèvis matènite  (akouchman nòmal  ak sezaryèn san pedi tan) 
  • ⁠Sèvis imajri( sonografi ak radyografi ak ECG ) 
  • ⁠Sèvis etid Anatomopatolojik Tankou (byopsi , Pap tès …) 
  • ⁠Sèvis ospitalizasyon ak sal operasyon 24/7 
  • ⁠Famasi 
  • ⁠Sèvis sante kominotè avèk pwogram sante solid ak kouvèti entegral 
  • ⁠Sèvis Anbilansye pou transpòte malad an ijans epi sove lavi 
  • ⁠Sèvis sante Mantal pou fanmi ,  jèn , granmoun , fanm ansent,pwofesyonèl . 
  • ⁠Sèvis fòmasyon kontini pou estaf lopital ak tout moun nan divès domèn 


Tout nan menm Lokal nou an

Nan Camedyc nou mete sante ak diyite pasyan yo an premye.

Nou ofri swen modèn, aksesib ak pwofesyonèl , nan yon anviwònman kote chak moun santi yo ba yo tout atansyon yo merite, konprann yo epi ba yo bon jan swen 

Avèk yon ekip pwofesyonèl ki atantif  epi ki byen senpatize ak pasyan yo , misyon nou se amelyore kalite lavi chak pasyan ki fè nou konfyans.

Lè ou vini nan CAMEDYC , 

Ou vini pou :

  • Yo koute w,
  • Yo konprann ou,
  • Yo akonpaye w,
  • Yo pran swen w ak respè.
  • Epi ba ou bon jan trètman selon maladi ke ou genyen an 

Chak moun ki antre lakay nou dwe santi li an sekirite,an konfyans, epi byen pran swen

Select the fields to be shown. Others will be hidden. Drag and drop to rearrange the order.
  • Image
  • SKU
  • Rating
  • Price
  • Stock
  • Availability
  • Add to cart
  • Description
  • Content
  • Weight
  • Dimensions
  • Additional information
Click outside to hide the comparison bar
Compare