Plan CAMEDYC Sante
Yon pwogram sante sosyal ki fèt pou rann aksè ak swen medikal pi fasil, pi rapid, epi pi byen òganize pou tout manm yo.
Kisa Plan CAMEDYC Sante ye?
Se yon kouvèti sosyal sante ki pèmèt manm yo benefisye swen medikal ak espesyalize ak pri redwi gras ak yon sistèm ko-pèman ki fiks e gras ak rediksyon tou .
Sèvis ki disponib nan plan an
Konsiltasyon medikal
Aksè ak plizyè sèvis medikal ansanm ak espesyalis.
Sèvis ijans
Pran an chaj ka ijans yo selon kondisyon plan an.
Swen dan
Konsiltasyon ak lòt sèvis pou sante bouch ak dan.
Egzamen medikal
Laboratwa, imajri, ECG, ekografi ak lòt egzamen.
Entènman lopital
Sèvis pou rete lopital selon règleman CAMEDYC yo.
Sipò sikolojik
Sèvis ak aktivite ki ede manm yo jwenn sipò mantal.
Yon plan ki mete sante kominote a an premye
Plan an ede manm yo jwenn pi bon òganizasyon nan swen yo, pi bon aksè ak sèvis CAMEDYC yo, epi yon swivi ki pi serye.
Kijan pou itilize plan an?
Plan an fèt pou moun ki anrejistre yo ak benefisyè ofisyèl yo. Li dwe itilize selon règleman CAMEDYC yo.
Ou vle konnen plis sou Plan CAMEDYC Sante?
Telechaje dokiman yo pou w jwenn tout enfòmasyon ofisyèl yo.