Kiyes nou ye?
CAMEDYC se yon sant medikal konplè kote ou ap jwenn
– Plis pase 10 espesyalis nan tout kalte domèn nan la medsin
– Sèvis laboratwa ki bay rezilta nan yon tan tou kout
– Jwenn sèvis ijans 24/7 ak ijantis sou plas epi sèvis matènite (akouchman nòmal ak sezaryèn san pedi tan)
– Sèvis imajri ijans sonografi ak radyografi
-Famasi
– Sèvis sikoloji
Tout nan menm Lokal nou an
Nan Camedyc nou mete sante ak diyite pasyan yo an premye.
Nou ofri swen modèn, aksesib ak pwofesyonèl , nan yon anviwònman kote chak moun santi yo ba yo tout atansyon yo merite, konprann yo epi ba yo bon jan swen
Avèk yon ekip pwofesyonèl ki atantif epi ki byen senpatize ak pasyan yo , misyon nou se amelyore kalite lavi chak pasyan ki fè nou konfyans.
Lè ou vini nan CAMEDYC ,
Ou vini pou :
•Yo koute w,
•Yo konprann ou,
•Yo akonpaye w,
•Yo pran swen w ak respè.
• Epi ba ou bon jan trètman selon maladi ke ou genyen an
Chak moun ki antre lakay nou
dwe santi li an sekirite,an konfyans, epi byen pran swen